M’ta renmen pataje avek ou yon ti rapò sou rankont nou te genyen samdi 6
epi dimanch 7 desanm nan Haiti Communitere.


1e jounen an nou te pataje lide ansanm pou cheche yon definisyon inivèsèl
sou OSM an Ayiti:

“OSM se yon inisyativ ki kolaborativ,ouvè pou tout moun e ki benevol pou
kreye yon kat mondyal.”

Nou te vin mete nou dakò sou enpòtans kreye yon strikti pou tout kominote
OSM nan ayiti ka kominike e kowòdone aksyon mapping nan peyi a.

2èm jou a, nou te monte diferan atelye ki tap reflechi sou divès sije
tankou atelye estrikti, atelye kominikasyon e atelye mapping altènativ.

Atelye Estrikti:

Atelye sa te komanse brase lide sou kijan nou ka etabli yon estrikti anndan
kominote a.

Klike sou lyen sa
<https://docs.google.com/document/d/1oePrw-rjQ9T_6JZZ_g_YlHSZR1wdp184wwKxYTndwSc/edit?usp=sharing>,
wap jwenn yon dokiman ki gen kek repons. Ou menm ou ka komante e di kisa ki
merite chanje e kisa nou dwe ajoute pou nou jwenn yon bon rezilta. Si ou
gen yon lide pou kreye yon fowòm an liy pou debat sijè sa, fe nou konnen.

Atelye mapping altènativ :

Atelye sa te chita sou definisyon mapping altenativ yo te di:

“Yon altènativ kolaborativ lokal pou anrichi baz done jewo-katografik pou
yon devlopman dirab”.

Nan  refleksyon yo ,yo di tou  ke nou dwe genyen yon metod ki mache ak
reyalite nou pou nou fe katografi,konsa nap rive jwenn pi bon rezilta.

Si sa enterese w pou w  konnen plis e komante sou koze mapping altenativ la
ale sou lyen sa
<https://docs.google.com/presentation/d/1mPJM47o8OJBeytxD7RfCJAEWDpgWUL-xUd9XWkaTqo4/edit?usp=sharing>



Atelye Kominikasyon:

Nou te pale sou kijan nou ta dwe  kominike ak yon manyè ki pi efikas a tout
moun ki nan kominote OSM  nan  e sou kijan tou  nou ka fe tout moun  an
Ayiti kom aletranje konnen nou e  konnen travay ke nap fe  sou  Ayiti.

Pou sa nou chita sou 2 kalite kominikasyon sa yo ki se:Kominikasyon enten e
Kominikasyon eksten.

Kominikasyon enten:

   -

   Nou pral toujou itilize talk.ht e voye sms


   -

   Nan atelye kominikasyon an ,nou te pale tou kijan moun ka itilize
paj <<Whatsapp
   la>> si ou vle fe pati gwoup sa pou toujou kenbe enfòme sou aktivite osm
   nan ayiti voye nimewo ou (38990990). Nou te di paj Whatsapp la pa pou fe
   lot diskisyon ki pa enpotan pou kominote ayiti a.
   -

   Nou kreye yon Google drive pou tout moun ka we dokiman yo sou estrikti
   nou e kote nou pral mete tou kontak ak manm OSM, kontak medya, kontak patnè
   enstitisyonel


Pou kominikasyon enten e eksten:

a)    Nou kreye yon paj facebook pou tout contributè an Ayiti ki Rele
Communaute OSM Haiti.

Pou paj <<Facebook la>> <https://www.facebook.com/OSMAyiti> Nou te di ou ka
envite zanmiw pou like paj la pou kominote ya gen plis vizibilite. Pa ezite
poste sou paj sa tout aktivite OSM – fok nou bay vizibilite nou!

·

Pou kominikasyon eksten:

·      blog

https://communauteopenstreetmaphaiti.wordpress.com/

Se pa tout moun  ka mete pos sou blog la, paske li enpòtan pou nou toujou
verifye sa nou poste, paske li dwe kanpe pwofesionèl. Pou kounye a gen kek
administratè men tout moun ki gen aktivite   mapping ka montre lemond antye
ke  nou aktif, voye yon foto ak yon ti deskripsyon sou imel
blog.osm.ha...@gmail.com pou ke  nou ka poste’l pou ou.
_______________________________________________
Talk-ht mailing list
Talk-ht@openstreetmap.org
https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht
Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour 
traduire les messages.

Reply via email to