Bonjou tout moun,
Mwen ta renmen anonse ke espas Haiti Communitere an kounye a ouvè pou tout kominote OSM e kontribitè OSM. Haiti Communitere (HC) se yon espas ki sitye nan Pòtoprens, Clercine 4, ki la pou fasilite patenarya. Li se yon espas ki net e ki la pou tout kominote ki travay nan avansman Ayiti – Nou gen yon ti atelye zouti, yon espas pou reyinyon, yon ti sal odinatè ak akse entènèt epi anpil koneksyon ak òganizasyon ki travay nan ayiti. Kounye a nou gen kek materyel ki disponib pou moun ki fe pratik nan OSM: Kek odinatè e kek GPS. Pandan mwa desanm n’ap lanse yon inisyativ pou fek espas l’ap vini plis itil pou kominote OSM. Gen dè aspe pou inisyativ sa: *Yon atelye teknik:* Nou deja pwograme 2 kou inisyasion ak 2 kominote ki vle itilize OSM pou katografye inisyativ ki pozitiv nan zon yo. Si ou enterese pou óganize yon kou teknik nan nenpòt ki nivo pa ezite fe nou konnen ([email protected] oswa [email protected]). *Yon atelye óganizasyonel* pou mene yon refleksyon sou fiti OSM nan Ayiti e pataje eksperians nou te gen pouk nou toujou avanse. Dat rankont: 5, 6 e 7 desanm nan Haiti Communitere (19 rue pélican, Clercine 4 an fas Jedco, Port au Prince). Tout moun ki enterese pou avansman e óganizasyon OSM nan Ayiti yo envite. Ou ka wè ajanda sou lyen sa: https://hackpad.com/OSM-Ayiti-Atelye-Oganizasyonel-e-Teknik-EgE1JCqSkbJ Nou ka ajoute komantè si gen bagay ki poko sou ajenda nou. Pou tout kesyon o sijesyon, rele'm: voye'm yon imel:[email protected] Mesi! Delphine _______________________________________________ Talk-ht mailing list [email protected] https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour traduire les messages.
