M’ta renmen pataje avek ou yon ti rapò sou rankont nou te genyen samdi 6 epi dimanch 7 desanm nan Haiti Communitere.
1e jounen an nou te pataje lide ansanm pou cheche yon definisyon inivèsèl sou OSM an Ayiti: “OSM se yon inisyativ ki kolaborativ,ouvè pou tout moun e ki benevol pou kreye yon kat mondyal.” Nou te vin mete nou dakò sou enpòtans kreye yon strikti pou tout kominote OSM nan ayiti ka kominike e kowòdone aksyon mapping nan peyi a. 2èm jou a, nou te monte diferan atelye ki tap reflechi sou divès sije tankou atelye estrikti, atelye kominikasyon e atelye mapping altènativ. Atelye Estrikti: Atelye sa te komanse brase lide sou kijan nou ka etabli yon estrikti anndan kominote a. Klike sou lyen sa <https://docs.google.com/document/d/1oePrw-rjQ9T_6JZZ_g_YlHSZR1wdp184wwKxYTndwSc/edit?usp=sharing>, wap jwenn yon dokiman ki gen kek repons. Ou menm ou ka komante e di kisa ki merite chanje e kisa nou dwe ajoute pou nou jwenn yon bon rezilta. Si ou gen yon lide pou kreye yon fowòm an liy pou debat sijè sa, fe nou konnen. Atelye mapping altènativ : Atelye sa te chita sou definisyon mapping altenativ yo te di: “Yon altènativ kolaborativ lokal pou anrichi baz done jewo-katografik pou yon devlopman dirab”. Nan refleksyon yo ,yo di tou ke nou dwe genyen yon metod ki mache ak reyalite nou pou nou fe katografi,konsa nap rive jwenn pi bon rezilta. Si sa enterese w pou w konnen plis e komante sou koze mapping altenativ la ale sou lyen sa <https://docs.google.com/presentation/d/1mPJM47o8OJBeytxD7RfCJAEWDpgWUL-xUd9XWkaTqo4/edit?usp=sharing> Atelye Kominikasyon: Nou te pale sou kijan nou ta dwe kominike ak yon manyè ki pi efikas a tout moun ki nan kominote OSM nan e sou kijan tou nou ka fe tout moun an Ayiti kom aletranje konnen nou e konnen travay ke nap fe sou Ayiti. Pou sa nou chita sou 2 kalite kominikasyon sa yo ki se:Kominikasyon enten e Kominikasyon eksten. Kominikasyon enten: - Nou pral toujou itilize talk.ht e voye sms - Nan atelye kominikasyon an ,nou te pale tou kijan moun ka itilize paj <<Whatsapp la>> si ou vle fe pati gwoup sa pou toujou kenbe enfòme sou aktivite osm nan ayiti voye nimewo ou (38990990). Nou te di paj Whatsapp la pa pou fe lot diskisyon ki pa enpotan pou kominote ayiti a. - Nou kreye yon Google drive pou tout moun ka we dokiman yo sou estrikti nou e kote nou pral mete tou kontak ak manm OSM, kontak medya, kontak patnè enstitisyonel Pou kominikasyon enten e eksten: a) Nou kreye yon paj facebook pou tout contributè an Ayiti ki Rele Communaute OSM Haiti. Pou paj <<Facebook la>> <https://www.facebook.com/OSMAyiti> Nou te di ou ka envite zanmiw pou like paj la pou kominote ya gen plis vizibilite. Pa ezite poste sou paj sa tout aktivite OSM – fok nou bay vizibilite nou! · Pou kominikasyon eksten: · blog https://communauteopenstreetmaphaiti.wordpress.com/ Se pa tout moun ka mete pos sou blog la, paske li enpòtan pou nou toujou verifye sa nou poste, paske li dwe kanpe pwofesionèl. Pou kounye a gen kek administratè men tout moun ki gen aktivite mapping ka montre lemond antye ke nou aktif, voye yon foto ak yon ti deskripsyon sou imel blog.osm.ha...@gmail.com pou ke nou ka poste’l pou ou. _______________________________________________ Talk-ht mailing list Talk-ht@openstreetmap.org https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour traduire les messages.