Bonjou tout moun , Jan nou toujou di li an Ayiti lafanmi se dra blan ,nou kwè tout kominote nan lemond fòme yon sèl fanmi. Donk se nan objektif sa ,ke nou lanse envitasyon ak tout manm kominote a nan yon kombit pou ede kominote ki nan Afrik nan yon" Mapthon" kap fèt pou mape zòn ki touche pa ebola yo.Aktivite sa ap fèt nan Haiti Communautere,Samdi 13 Desanm nan a pati de 1è nan laprè midi.Souple nou konte sou sipò tout moun nan fason ke nou kapab.
Note byen: Tout moun ka patisipe nan aktivite sa kelkeswa kote ou ye,depi ou gen yon laptop ak entènèt. Mèsi anpil. _______________________________________________ Talk-ht mailing list [email protected] https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour traduire les messages.
