Bonjou tout moun,
Mwen ta vle enfòme nou k gen yon fòmasyon pou nouvo manm OSM ki te komanse nan Haiti Communitere. 20 jeun ki sòti diferant kominote nan Port-au-Prince te inisye nan mapping OSM. Pandan mwa novanm yon pral aprann kijan itilize field paper, kijan itilize yon Gps, kijan itilize JOSM pou ajoute done nan baz OSM. Yo pral travay tou sou ki aplikasyon konkret nou ka fe ak OSM. Robillard Louino ak Xavier Tardieu te komanse fòmasyon samdi 7 ak dimanch 8 novanm nan espas Haiti Communitere. Fomasyon te pase pa Konbit, kise yon forme koman moun travay ansanm nan kilti ayisyen, kisa ki volontarya, kisa ki benevola e koman sa ka ede nou nan mapping altenativ: koman nou ka itilize cartographie preske nan tout bagay nan lavi nou. Si nou vle jwenn plis enfòmasyon sou sije sa, kontakte nou! N’ap òganize yon mapathon samdi 21 novanm, kote nou pral fe echanj ak kominote nan togo (nan afrik). Tout mapper OSM yo envite pou vin patisipe! Sa ta yon bel okazyon pou rankontre nouvo manm OSM tou. An plis potè sipò lòt kominote, li ta ka yon bel okaszyon pou nou tout pale sou fiti OSM nan Ayiti. Si ou enterese pou patisipe, fe nou konnen! Mwen ta renmen di anko yon fwa ke espas Haiti Communitere (HC) li toujou ouvè pou kontribitè OSM e pou kominote ki travay nan avansman Ayiti. Nou ka itilize espas HC pou reyini oswa pou itilize computer lab ak akse entenet. Nuo tyou gen kek GPS ki a dispozisyon manm OSM. HC se yon espas ki net e ki la pou fasilite koneksyon! (nou sitye nan Pòtoprens, Clercine 4, 19 rue pélican) Mesi! Delphine [email protected] _______________________________________________ Talk-ht mailing list [email protected] https://lists.openstreetmap.org/listinfo/talk-ht Notez! Vous pouvez utiliser Google Translate (http://translate.google.com) pour traduire les messages.
